
Jounen entènasyonal lang kreyòl: ministè kilti salye travay tout pwofesyonèl ki kontribye nan devlopman lang sa a
Jodi vandredi 28 oktòb la make 39èm selebrasyon jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl.
Nan okazyon an, Ministè Kilti ak Kominikasyon, atravè yon nòt, salye travay ak angajman pèp Ayisyen an, ansanm ak ekriven, jounalis, lengwis, edikatè, akademisyen epi aktivis nan kesyon lang, ki pote devlopman lang kreyòl la sou do yo depi anpil ane.
» Rezilta yo pale pou tèt yo paske ktyèlman, peyi Dayiti se yon lidè sou kesyon valorizasyon ak itilizasyon lang kreyòl nan yon pakèt domèn », dapre sa nòt la rapouswiv pou l di.
Pandan l swete tout Ayisyen ak tout pèp kreyòl sou latè yon bon Jounen lang ak kilti kreyòl, ministè kilti ak kominikasyon di li renouvle volonte l pou kontinye fè jefò pou valorize lang ak kilti kreyòl la an Ayiti.
Chif yo varye sou kantite moun ki pale kreyòl nan mond la men sou kote Ayiti kote yo pale kreyòl wap jwenn tou Beliz, Matinik, Gwadloup, Sent Lisi, zile Sechèl, La Dominik elatriye.
Selebrasyon jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl la an Ayiti tonbe ane sa nan yon kontèks difisil kote gouvènman an pa reyalize ankenn aktivite pou make dat la.
Anplis de sa, popilasyon ayisyèn nan kontinye mande entegrasyon lang sa nan tout aktivite chak jou yo tankou nan lekòl, nan lajistis ak nan dokiman ofisyèl yo.
Rénald Guerrier
Lakayinfo 509