Lèt tou louvri pou senatè Nenel Cassy

Date:

Pòtoprens, vandredi 16 septanm 2022

Lèt tou louvri pou senatè Nenel Cassy

Sali Senatè Nènel Cassy,

Mwen resevwa lèt ou voye nan laprès la pou w swete nou (Marjory, André, Ricard) kouraj epi fè pridans. Pou tan eksperyans mwen ak ou nan batay demokratik la, ou se moun ki plis konnen degre jèvrin mwen, nivo angajman m, kouraj ak konviksyon m.

Ou konnen byen, ou pa bezwen ede m plenyen paske depi w janbe nan konsòsyòm nan KONVIKSYON M PETE PLAFON NÈT. Kidonk mwen pa resevwa swè ou yo. Mwen pito al gade sa ki kache dèyè swè sa yo, ki se aksyon in vivo konsòsyòm nan ap ekzekite.

Lèt ou voye anlè bay nou an, li pa sensè, li chaje ak ipokrizi, santiman layèn e latriye. Kontinye fè wout ou ak konsòsyòm lan. Kontinye ansanm ak yo ekzekite plan ou genyen ki chaje kou legba ak blòf, fo pwomès, enterè pèsonel ak divizyon pou mennen Pèp la nan plis mizè ak enstabilite. Se chwa w e se dwa w men, Pèp Ayisyen pa egare. Mwen respekte chwa w.

An pasan , m ap di w SEKTÈ DEMOKRATIK AK POPILÈ a pa yon byen prive ni yon pati politik, se yon konstriksyon kolektif. Sektè Demokratik la se yon platfòm, yon patrimwàn ki chita sou yon lidèchip kolektif. Sanble twòp enterè pèsonèl gentan fè w bliye sa ki fondman SDP. Ou fè yon gwo flay. SDP pap janm transfòme an enstriman ou kamyon pou charye enterè klanik ki pa di e ki pap ka di piblikman.

Mwen regrèt anpil, enterè inavwe sa yo pi fò pase w. Ou oblije mete m nan sitiyasyon pou m ap rekadre piblikman chak aksyon konpwometan wap fè pou w vire dèyè pòt ak SDP. Konpòtman w fè kè m ap dechire, lè w rive monte sou dife chodyè divizyon sa nan SDP.

Se ak anpil desepsyon m ap di w, li vreman difisil pou m dekouvri e aksepte fòs enterè klanik ak pèsonèl genyen pou bafwe Pèp la nan lopinyon piblik.

Bon van Senatè Cassy pa janm bliye mwen te konsidere w kòm yon frè, yon konseye, yon zanmi. Ou desevwa m. Sonje m pa janm gen 2 pawòl. Mwen te di w klè mwen pap rantre nan konsòsyòm lan. Mwen te reponn ou NON, se konviksyon m ak kouraj mwen ki gide m ladann, ou konn sa, se chwa m, se dwa m.

Pou m fini m ap di w, mwen pa regrèt e m pap janm regrèt eksperyans politik mwen fè pandan anpil ane avè w, se konsyans mwen, konviksyon m ak lanmou pou Peyi m ki toujou bousòl mwen.

M ap mande Bondye pou l pwoteje Pèp Ayisyen an pou l pa tonbe pi fon nan katchouboumbe.

Viv Ayiti, Viv Demokrasi !

Marjory Michel
Pòt pawòl Sektè Demokratik ak Popilè
Ansyen Minis Kondisyon Feminin ak Dwa Fanm
Repiblik Dayiti.

©

Lakay Info 509
Lakay Info 509https://lakayinfo509.com
Contactez-nous pour vos publicités: Contact@lakayinfo509.com lakayinfo509media@gmail.com +50937068096 +1347 863 3701

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici

Share post:

Subscribe

spot_imgspot_img

Popular

More like this
Related

Delmas : un policier assassiné et un autre grièvement blessé

Delmas : un policier assassiné et un autre grièvement blessé

Haïti : deux journées de dialogue sur la révision de la loi sur les partis politique

Haïti : deux journées de dialogue sur la révision de la loi sur les partis politique

79e Assemblée générale de l’ONU : Entre le CPT et le gouvernement, qui prendra la parole au nom d’Haïti ?

79e Assemblée générale de l'ONU : Entre le CPT et le gouvernement, qui prendra la parole au nom d'Haïti ?