Yon ti istwa: Pa pote boure sou kreyòl la mon blan!

Date:

Yon ti istwa: Pa pote boure sou kreyòl la mon blan!

Yon gwo chèn televizyon ozetazini deside voye yon ekip vin fè yon repòtaj an Ayiti sou dènye evenman sosyal ak politik kap brase bil peyi a. Etandone pa gen jounalis ayisyen nan medya a, yo anvizaje lwe sèvis yon entèprèt lè ekip la rive sou plas an Ayiti.

Men gen youn nan jounalis yo ki di li konnen yon blan parèy li ki se jounalis tou e ki konn pale kreyòl tankou rat, paske l’ te aprann lang nan, e li menm gen plizyè lane depi l’ap montre moun pale kreyòl ozetazini. Li pwopoze l’, tout kontak yo fèt, epi yo voye mesye a avèk jounalis ameriken yo an Ayiti kòm entèprèt.

Lè ekip medya ameriken an rive nan peyi a, premye repòtaj yo pral fè se nan site solèy. Epi se yon militan ki fè anpil aktyalite sou rezo sosyal yo (konbyen galon gaz la vann?) yo pral entèvwouye an premye.

Militan an kòmanse fè yon ti rale sou istwa resan peyi a nan zafè politik. Epi blan an kare l’ pou l al tradwi

Men entèvansyon militan an:
Lè kamoken yo tap banbile nan peryòd bout di a
Nan epòk makout te fin mande anraje
Lè sa a se te ti boule kraze grenn ki tap feraye
Move je sa yo te konn kanpe rèd k’on ke makak
Men jou Abraram te di sètase a yo te kòmanse bay nèg pè lebren
Lè sa a ou pa t ka jwenn yon grenn makout pou w fè yon te
Tout nèg pran lyann.
(Blan an kòmanse ap laloz nan tradiksyon an).

Militan an kontinye:
Aprè sa Lavalas pran kòn nan, men vèditè yo fè l vole gage
Epi peyi a tonbe nan tchouboum
Lè ti pè kòk kalite a tounen, li depatcha lame a
Epi lè lap lage rara a li kite yon kann ki fè l sou pouvwa a
Lè pitit sòyèt kòmanse monte lesyèl pa do
Pèp souvren lage nan wèl ti Rene
Vagnè a fè yon ti pas kout bay ti pè a, epi l’ lage cha a pou Mamlad
(Blan an mande èske se bon kreyòl la mesye a ap pale avan l’ kontinye)

Militan an rapousib: Titid menm, nan pale kremòl voup toukoutoum
Pandan pèp la ap plenyen vant kòde ti trip ap vale gwo trip
Grenn nan bouda tanmen bat chalbari dèyè l
Lè sa a rat pa kaka te oblije poze yo, e sourit pat fouti travèse lari
Lè 4 mare 14 tout bon vre Titid oblije fè zè l
Boniface tou pwofite pran yon lougal nan pouvwa a
(Blan an kòmanse swe paske l’ pa konprann anyen nan sa mesye a ap rakonte yo)

Militan an kontinye met kreyòl atè:
Lè Ti Rene tounen, bagay la te vin mabyal.
Pandan pèp la ap bat tenèb, limenm li kanpe dan di,
Jiskaske goudougoudou vin fè van an vire.
Nan moman jwèt la te make san an, Tèt kale pote boure.
Miki ranpòte lamayòl, sa w tande a zen pete.
Men li maymoulen kò l, li fè 5 an manda l la san manke yon yota.
Aprè sa yo bay pèp la bannann, men Jojo te vin pran nan cho.
Malgre tout kantamwa kouran 24 sou 24
Ti mari pa moute ti mari pa desann…

Lè blan an rive nan pwen sa a, li rele Serge Rodriguez, konfrè l nan lavwad lamerik, epi l’ di li pa konprann menm yon fraz nan kreyòl lap tande sou beton an an Ayiti.

Ti moral istwa sa a
Kèlkeswa nivo metriz ou ka genyen nan pale yon lang etranjè, gen ekspresyon se moun ki grandi oubyen evolye nan peyi a kap konprann yo.

Fritzer Michel

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici

Share post:

Subscribe

spot_imgspot_img

Popular

More like this
Related

La PNH, une institution légère sans protection : Entre Imposture et Manque de Structure ?

La PNH, une institution légère sans protection : Entre Imposture et Manque de Structure ?

Scandale à la BNC :  » Bien interpréter la loi pour éviter que les corrompus en profitent devant les Cours et Tribunaux », exhorte la...

Scandale à la BNC : " Bien interpréter la loi pour éviter que les corrompus en profitent devant les Cours et Tribunaux", exhorte la FJKL

Haïti : Un étudiant succombé après un malaise en pleine salle de classe

Haïti : Un étudiant succombé après un malaise en pleine salle de classe

Haiti-transition: environ 200 organisations de femmes soutiennent le choix de Marjory Michel pour remplacer Louis Gérald Gilles au CPT

Haiti-transition: environ 200 organisations de femmes soutiennent le choix de Marjory Michel pour remplacer Louis Gérald Gilles au CPT