Ayiti : kounya kreyòl la se lang ansèyman jiska Nouvo segondè 4

Date:

Kounya Ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) rekonèt kreyòl ayisyen an kòm lang ansèyman soti nan preskolè pou rive nan Nouvo Segondè 4 (NS4). Se sa minis Edikasyon an, Nesmy Manigat, te anonse jounen 25 dawout la.

« Nan okazyon jou prezantasyon Liv Eskolè Inik an kreyòl pou premye ak dezyèm ane Fondamantal la, Ministè Edikasyon kontan anonse chanjman ki fèt ane sa nan kad oryantasyon kourikoulòm nan: Kreyòl lang ansèyman jiska dènye klas segondè. N ap vanse ti pa ti pa sou lekòl miltilang baze sou kreyòl la », se sa Manigat te ekri sou kont Twitter li.

Minis lan kontinye pou l di, kounya kreyòl la se inik lang ansèyman pou preskolè, premye ak dezyèm ane fondamantal. Sa vle di, se li pwofesè lekòl  ap itilize pou anseye matyè yo. Mete sou sa, fransè ak kreyòl ayisyen se lang ansèyman, soti nan twazyèm ane fondamantal jiska Nouvo Segondè 4.

Lakay Info 509
Lakay Info 509https://lakayinfo509.com
Contactez-nous pour vos publicités: Contact@lakayinfo509.com lakayinfo509media@gmail.com +50937068096 +1347 863 3701

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici

Share post:

Subscribe

spot_imgspot_img

Popular

More like this
Related

Conseil présidentiel de la transition : la coalition  » ECC » plaide pour une gouvernance de rupture

Conseil présidentiel de la transition : la coalition " ECC" plaide pour une gouvernance de rupture

Des pompes funèbres vandalisées et pillées à Port-au-Prince, où entreposent et préparent les morts pour leur dernier repos ?

Haïti : Les chefs de gouvernement de la CARICOM saluent l’installation du CPT et souhaitent son plein succès

Crise en Haïti : prorogation de l’échéance de paiement de certains impôts

Crise en Haïti : prorogation de l'échéance de paiement de certains impôts